ITIAHaiti is a literary, socio-educational, and cultural organization
top of page

KONNEN TÈT OU

ITIAHaiti te salye epi swete tout nèg ak nègès byen vini nan 4èm reyinyon andirèk yo 23 out 2020-an. Jèn kontanporen yo te pase yon bon moman ansanm nan anrichi tèt yo sou tèm: «konnen tèt ou », ke Madam Beti Fòtin pat manke byen dekòtike. Wilson Telimo Lwi, potorik ki nan tèt òganizasyon sa ta pral entwodi animatè-a, ki ta pral blayi fòs natirèl, epi pisan sou tout patisipan ki te sou fowòm nan. Entèvenan te kòmanse pou li fè konnen ke tout moun an jeneral gen pouvwa sa, men anpil nan nou pa kwè nan kapasite nou. Pou sènen sijè-a, li te poze entènot yo kèk kesyon, tankou:

 

  1. Kisa sa vle di "konen tèt ou?"

  2. Poukisa li enpòtan pou yon moun konnen tèt li?

  3. Kòman yon moun ka kiltive valè sa, si li santi li pa genyen l?

  4. Oubyen si pouvwa sa fèb lakay ou, kijan ou ka grandi li?

 

Konesè-a te avanse pou li di: « Konnen tèt ou » gen anpil aspè. Selon yon espè ki rele Danyèl Prandèl: « konnen tèt ou » se konfyans ou genyen nan pwòp tèt ou, epi kapasite pou w fè fas ak problèm lavi, tchalenj ak defi w ap afonte. Daprè yon lòt espesyalis ki rele Viginya Sati: « konnen tèt ou » se gen kapasite pou w ambwase valè w. Se yon fason pou w mete nan tèt ou ke w inik, pa gen pèsonn ki tankou w sou tè. An gwo, « konnen tèt ou » vle di: fason ou wè tèt ou. Konsepsyon ou ka pozitif, konsa tou li ka négatif. Fòmatè Beti te elabore sou twa fason konsèp sa manifeste. Li ka wo, ba, epi twò wo. Lè li wo, se lè nou kwè nan kapasite nou, epi kwè nou ka reyisi nan tout sa n ap fè. Li ba, se lè nou pa kwè nan potansyèl nou. Epi lè li twò wo-a menm, se lè nou twò kwè nan tèt nou. Nou konn panse se sèl nou ki konnen tout bagay, nou pa konn viv ak ekip. Pou Madam Fòtin, nou ta bezwen konnen tèt nou nan fason ki wo-a. Li pa konseye yon moun konn tèt li nan fason ki twò wo-a, paske se yon valè ki kapab fè endividi-a vin awogan. Epi tou, si nou ta konnen tèt nou nan fason ki ba tou, nou ta bezwen mete dlo nan diven nou.

 

Kòm solisyon, manzè-a te lonje miko li sou fanmiy yo ki se pilye nan jan moun wè tèt yo. Pofesè-a fè konnen: Si depi ti taktak w ap grandi, vye pawòl paran w konn di w gendwa fè efè negatif sou ou. Si paran w toujou joure w monkonmon, kreten lekòl, oubyen ti vòlè. Imaj sa yo ka fè enpak sou ou depi nan piti, jouk ou vin granmoun tou. Nan sans sa, envite-a t ap egzòte patisipan yo pou itilize pawòl pozitif, sa k ap bay ankourajman, lè y ap pale ak pitit yo, oudimwens moun ki nan antouray yo. Pou konseyè-a, lòt faktè ki ka enfliyanse w « konnen tèt ou » se sosyete-a. Li te pran egzanp sou jan kominote fè anpil enpak sou jan nou abòde mache travay la. Pafwa nou panse gen kategori travay ki pou fi, epi gen sa ki pou gason. Kidonk malgre nou ta gen pasyon, oubyen santi nou te ka fè yon djòb, men konplèks fè nou pito rete chita. Pou fini pati sa, li te fè yon ti panche sou medya tou, tankou: radyo, televizyon, ak rezo sosyal yo k ap vann yon seri imaj ki ta fè nou kwè jan nou ye pa fin bon nèt, jan nou pale, gwosè nou ak koulè po nou, elatriye. Se yon reyalite ki menm rive fè moun touye tèt yo.

 

Sijè-a te kontinye nan montre enpòtans byen « konnen tèt ou » kòm fondasyon siksè. Si nou pa kwè nan tèt nou, premye obstak ki vini devan nou-an ka fè nou dekouraje. Nou gen egzanp yon pakèt moun ki vrèman nan gran nivo. Yo sèvi kòm modèl, men anpil nan yo te sibi anpil echèk. Si nou pran Opra kòm egzanp: li te rive pèdi dyòb li nan yon emisyon televizyon li te konn anime. Men li pa t kite sa detounen li, paske li te kwè nan rèv li, tèt li ak kapasite li. Se yon fason pou nou wè jan « konnen tèt ou » vrèman enpòtan nan lavi. Sa ap fè w deside ki kote ou vle ale, dapandaman jan ou wè tèt ou. Si ou pa konnen tèt ou, menm pou yon seri travay ou pap ka aplike. Oswa poutèt gwo degre, estati imigrasyon w ka fè w pè aplike pou yon travay, malgre ou te ka fè li byen. Lè ou pa konnen tèt ou, li fè enpak sou volonte w, dezi w, menm pou w ta amelyore sitiyasyon fanmiy ou. Konsa tou, manke « konnen tèt ou » ka fè w toujou chimè, oubyen sispèk, lè yon moun gade w, oubyen di yon pawòl sou ou. Kidonk, « konnen tèt ou », se konnen valè w, kapasite w ak feblès ou.

 

Apre animatè-a te bay definisyon « konnen tèt ou » nan bon ti matit, epi pale sou rezon ki fè kwè jan nosyon sa enpòtan, li te tanmen pran kesyon ak kòmantè sou sijè-a. Nan faz deba-a, li te kontinye bay itiyayis yo konsèy sou chanjman mantalite, ankouraje itiyayis yo pou fokis plis sou bon kalite yo gen lakay yo. Li t ap tigèt yo pou chèche sa ki pozitif nan lòt moun tou. Jouk li voye tout moun al fè yon lis bagay yo konn fè byen, tankou: fè manje, pase rad, lave byen, kèlkeswa sa li ta ye-a; san li pat fè esepsyon kèk jèn ki konn chante, danse, epi ekri, elatriye. Envite espesyal la kwè si nou ta idantifye valè nou yo, l ap pi fasil pou nou gen konfyans nan tèt nou. Li temwaye ke ogmante jan pou nou konnen tèt nou pa yon egzèsis fasil, se pa yon bagay k ap vini jodi, ni demen. Men kapasite sa va ogmante gradyèlman, jiskaske li vin nan yon nivo ekilibre, si nou eseye pran desizyon chak jou. Li vle nou elimine efè negatif yo, tout sa ki fè nou santi nou limite nan aksyon nou. Se nan boukante konesans ak esperyans jèn gason kou fanm ki te nan anbyans andirèk sila te kwè jenès ayisyen-an pral gen plis lafwa nan pran desizyon sou chemen avni yo.

 

 

 

Maksi Pyè Frans,

Direktè ITIAHaiti an Ayiti

pfmaxi@itiahaiti.org

Wilson Thelimo Louis,

Ko-otè, Editè.

bottom of page