ITIYAYIS, DOKTRIN FILOZOFIK ITIAHaiti

Nan yon peryòd kote literati ayisyen-an prèske fin disparèt, yon gwoup jèn ekriven twouve li se yon devwa pou mete plim yo sou sèvis nasyon-an. Pandan y ap chache yon idantite nasyonal, yo reyini talan yo nan lide pou mete kanpe yon klèb literè ki rele ITIYAyiti. Kontanporen sa yo te chita ansanm jou ki te 12 jiyè 2008 la pou batize anagram sa : Inovasyon Tèritwa Itiyayis Yo Ayiti. Mouvman sa gen misyon pou konsève idantite Ayiti antanke patrimwàn libète tout moun nwa. Pyonye sa yo ankouraje orijinalite pou ede kilti yo vanse atravè zèv yo. Yo itilize mayèt pwezi, woman, nouvèl, esè, lodyans, teyat, elatriye... pou divèti ak fòme nasyon-an. Vizyon yo se wè jenès la jwenn bon jan ankadreman pou devlope talan yo, epi wè avni nouvèl jenerasyon-an asire. Inisyativ atistik ak literè sa te kòmanse boujonnen nan depatman sid Ayiti, epi li layite tribòbabò gras ak rezo sosyal yo, yon fason pou lespri men anpil chay pa lou-a ka blayi tout bon vre.

 

Itiyayis yo soude fòs konsyans yo pou kite yon lòt eksperyans pou sa ki gen pou wè jou yo. Yo se yon modèl nan fason yo dekri reyalite lokal yo. Yo pentire tablo yo jan yo dwe ye, yo kwè nan bon jan aksyon, nan respè kilti ak tradisyon. ITIYAyiti fè nou wè yon Ayiti ranvèse k ap drese, yon peyi devan dèyè k ap pran fòm nòmal li. Literatè sa yo itilize plim yo pou enfliyanse sosyete-a sou chimen libète, yon mannyè pou libere Ayiti jouk yo mete li kanpe sou de pye militè l. Yo konsyan peyi-a kidnape anba konfyolo patripòch ak kominezon kamoken. Itiyayis yo fè amoni ant ayè ak kounye-a pou defini demen. Yo kwè nan evolisyon, epi yo rete soude ak nanm zansèt yo nan chante patri yo. Filozofi yo baze sou otonomi ki se rezilta fòs talan yo. Yo konnen moun gen potansyalite pou devni tout sa yo vle ye, epi fè tout sa yo vle fè.

 

Itiyayis yo kwè nan kouraj, kapasite entèlektyèl ak sikolojik yo. Sa ki makònen lonbrik doktrin sa ak rasin peyi-a se jan teyorisyen yo tingtong nan dechike kannkès verite. Itiyayis yo ap miyonnen viktwa nannan lang kreyòl la nan lespwa ke yon jou li va pran pozisyon nan tèt tout nèg ak nègès sou latè. Idantite doktrin sa reflete imaj defi libète anfas gran pisans kolonyalis. Okenn lòt kilti paka koukouwèt li, pèsonn paka pachiman li, epi pyès nasyon pa ka gen pi gwo fòs pase li. Defi zansèt yo leve fè peyi-a gen yon istwa ki sen, pwòp, epi ki se sous onè ak respè pou tout pèp sou latè. Itiyayis yo travay kòtakòt, tèt yo byen fèt epi chak pawòl yo se yon aksyon pou bay jarèt nan devlopman. Itiyayis yo ap mennen yon batay sakre pou tèt kole ka pi gran pilye nan mitan ayisyen.

 

Itiyayis yo ap siyonnen devan bann pou demaske lamayòt nan baskit madigra, epi fouye zo nan kalalou zòt pou dechouke rasin espwa anba kout plim maltaye. Y ap bat tanbou rasanbleman pou tout kavalye ki depeyize vin kalma anba tonèl lakay yo. Y ap milite jiskobou pou resous entèlektyèl yo sèvi kichòy antanke zantray peyi-a epi batay pou dwa peyizan respekte. Pwezi yo se yon raso sou do towo k ap kalbende epi yon chan libète pou fidèl k ap fè jèn pou lavi miyò. Yo reveye peyizan k ap kabicha epi sèvi sèl sou pwent lang zonbi. Reyalite peyizay ak bèl fanm kreyòl se nannan deklamasyon yo. Itiyayis yo lib nan jan yo ekri. Yo konstwi, yo bay konsèy, epi yo transfòme nan lanmou pou literati ayisyen-an vanse. Itiyayis la se yon lespri k ap mayimoulen kò l nan brenn jèn yo. Nenpòt moun ka vin manm li, epi kontinye fè lide-a vale tèren jouk vizyon KÒTAKÒT la rive posib gwo MIDI nan mitan ayisyen alawonnbadè.

 

Wilson Thelimo Louis,

Prezidan ITIYAyiti.

Subscribe Form

Subscribe Form

  • Facebook
  • Twitter
  • YouTube
  • Instagram

©2008-2021 by THELIMO Services