Screen Shot 2021-01-16 at 1.35.24 AM.png
ITIAHaiti, EPI OU MENM

9 out 2020-an se te 2èm rankont ITIAHaiti te òganize pou brase lide. Reyinyon sa-a ta pral louvri ak lidè òganizasyon-an ki se: Wilsonn Telimo Lwi. Se te yon rankont kote tout manm ITIAHaiti ta pral pataje emosyon yo, santiman yo, oubyen di sa yo panse. Anvan Prezidan Wilson te kòmanse rankont lan, li te pran leswen pou l te fè yon gran rale sou filozofi òganizasyon-an. Kote li t ap siyale : “…yon gwoup jèn ekriven twouve li se yon devwa pou mete plim yo sou sèvis nasyon-an. Pandan y ap chache yon idantite nasyonal, yo reyini talan yo nan lide pou mete kanpe yon klèb literè ki rele ITIAHaiti…” Li t ap detaye tou, sou jan pyonye ITIAHaiti yo ankouraje orijinalite pou ede kilti yo vanse atravè zèv yo, epi divèti ak fòme nasyon-an. Telimo te panche sou vizyon òganizasyon-an ki ta dwe “wè jenès la jwenn bon jan ankadreman pou devlope talan yo, epi wè avni nouvèl jenerasyon-an asire”. Inisyativ atistik ak literè sa ta sanble te kòmanse boujonnen nan depatman sid Ayiti, epi li layite tribòbabò gras ak rezo sosyal yo, yon fason pou lespri men anpil chay pa lou-a ka blayi tout bon vre.

 

Madam Beti Fòtina, animatè evennman sa-a, fèt epi grandi an Ayiti, men l ap evolye lakay vwazen-an, nan Atlanta, Georgia. Betty travay labank li se pwofesè nan inivèsite, epi li pibliye yon liv ki rele “Before you Flip”, an anglè. Animatè-a te kòmanse deba ak yon sèn imajinasyon, kote li te mande patisipan yo pou konsidere tèt yo nan you fèt ki gen yon tab gani.... kidonk, ak tout bèl manje. Li ta konkli ke: “okenn manje pap antre nan bouch ou, oubyen vin jwenn ou si w pa sèvi tèt ou poukò w”. Se te nan lide pou li te fè konprann ke tout jèn talan ki nan òganizasyon-an ka fè lide yo pwogrese lè yo mete men nan pat la. Beti te egzòte itiyayis yo pou patisipe antanke moun ki angaje nan pwojè-a, kòmsi se te pwòp travay yo. Tislen Nwezil, yon manm ITIAHaiti depi 2008, ki ap viv Chili, ta pral mete aksan sou konvèjans lide yo. Kote li ta pral di ke ITIAHaiti ap ankadre jèn atizan k ap ekri lontan san yo pa janm jwenn pèsonn fè ka de yo. Li te gen konfyans ke jèn yo ap ka jere ITIAHaiti si grandèt yo ba yo ti moso fòmasyon, ankadre yo, paske tout moun ki rive jounen jodi-a te jwenn yon èd sou kelkeswa fòm lan. Li te ajoute: “se yon travay tèt kole, ITIAHaiti se pou nou tout”.

 

Se yon rankont ki te gen yon anbyans eksepsyonèl, yon mesaj fratènite te preche atravè salitasyon chak moun.

• Emanyèl Vedrin, yon gran ekriven, epi kreyolis, te pataje eksperyans li ak manm yo

• Janel Rodne, yon lòt jèn devwe ta pral pwofite pou ankouraje tout jèn kenbe la.

• Lengwis Masèl Jòj pat kache satisfaksyon li pou yon bèl inisyativ konsa.

• Mari Èn Dezi, Premyè konseye oganizasyon-an, an Ayiti, te montre devouman li nan ankouraje jèn yo pou yo montre talan yo nan sosyete-a pandan ya p chase timidite lakay yo epi pike pou pi devan.

• Anjlò Amazan ak Claudy Fanord ki se dezyèm trezorye oganizasyon-an, an Ayiti, te pral leve vwa yo pou eksprime kontantman yo paske yo te patisipe nan rankont lan.

• Poutan, Madam Lamou Nikita ki se yon eseyis, epi pwofesè nan lakou Etazini ta pral mande jèn yo pou yo pa dekouraje, paske nan sa ki gen awè ak bagay atistik, pwezi, pa gen ede pote.

• Mari Magarèt Pyè te felisite prezidan Wilson Telimo Lwi kòm sila k ap woule bagèt bon fonksyonnman òganizasyon-an ak tout akwolit li yo.

• Emmeline Menard, sekretè òganizasyon-an nan Etazini, te salye tout moun kite patisipe nan rankont lan tou.

• Epi Stanle Solon, yon jèn fotograf k ap evolye nan Petyonvil, Ayiti te montre kè kontan l pou yon si bèl aktivite.

 

Se anba tèm “ITIAHaiti, EPI OU MENM” ki reve wè Haiti granmoun tèt li, epi wè jèn yo sispann panse se lòtbò dlo ki ka fè pou yo, men pito: yo ka ankadre tèt yo.

 

Pyè Frans Maksi,

Direktè ITIAHaiti Ayiti.

pfmaxi@itiahaiti.org

Wilson Thelimo Louis,

Ko-otè, Editè.