top of page

Èske refòm sistèm edikasyon Ayiti a esansyèl an kreyòl? Poukisa?

Sa plis ke esansyèl...


Se sèl nan peyi pòv tankou Ayiti ak kèk peyi an Afrik, pou w jwenn edikasyon pèp lan fèt nan yon lang etranje ke yo swadizan di ki lang ofisyèl men, poutan majorite pèp lan pou m pa di tout pa metrize...


Sa vle di kisa ???


Edikasyon se baz tout yon devlopman, lè w chwazi edike yon pèp nan yon lang li pa metrize oubyen li pa fin konprann byen sa vle di ou mete pèp lan nan kondisyon pou l pa metrize konesans lan oubyen pou l pa janm konprann konesans lan, jis pou l toujou rete nan yon eta kritik...


konesans yo la mezanmi, yo tout nan liv men, se paske yo pa nan lang matènèl nou, nan lang ke nou pale an ki koz gen anpil bagay nou aprann men an reyalite, nou pa konprann yo...


Nou sèlman chita ap bat pakè pou fè bèl mwayèn men, san konprann...


Majorite ti moun ki fin etidye gen anpil difikilte pou l rezime sa l te aprann lan men, sepandan li prè pou vomi tout pakè l te aprann yo...


Selon nou menm, kisa ki koz sa ???


Rep: Ebyen se lang etranje an nou aprann ladan l lan ki koz...


Me Samson JEAN BAPTISTE

Èske refòm sistèm edikasyon Ayiti a esansyèl an kreyòl?   Poukisa?
Èske refòm sistèm edikasyon Ayiti a esansyèl an kreyòl? Poukisa?

10 views0 comments
Post: Blog2_Post
bottom of page