top of page

Bonswa tout manm ITIAHaiti yo

Updated: Aug 21, 2021



Nou vle di mèsi pou tan nou aprè midi-a nan 2èm prezantasyon "Parobòl Savan" ki prezante chak 2èm dimanch nan mwa yo. Nou te apresye prezans nou anpil. An nou kenbe travay bwase lide sa byen djanm. Li pèmèt nou amelyore lang kreyòl natif natal nou-an pi byen.


Mezanmi ankouraje yon lòt moun vin aprann davantaj, pote apò pa nou, opinyon, poze kesyon, pote kosèy ak nouvote. Ansanm ansnam, an nou mache kòtakòt pou lang kreyòl la taye banda l tankou tout lòt yo. Konsa, nou tout va fyè pou nou di: nou se ayisyen! An nou pi fyè lè nou ap pale kreyòl.


Antouka, nou fyè pou tout manm ITIAHaiti yo, epi tout lòt envite ki pat rate 2èm dimanch fowòm nan. Bondye beni nou tout. Nou espere wè nou chak dimanche a 3è pm nan tout reyinyon ITIAHaiti yo.


Nou ap voye yon gwo kout chapo pou prezidan nou, Wilsonn Telimo Lwi ak envite espesyal nou, ekriven Franns Jan-Batis.


Nou renmen nou tout.


Marge Etienne,

Animatè ribrik Parabòl savan

 
 
 
Post: Blog2_Post
Alfabe kreyol Ayiti

Sign Up for Our Newsletter

Thank You for Subscribing!

Newsletter Subscription

  • Amazon
  • Facebook
  • Instagram
  • Twitter
  • LinkedIn
THELIMO w.png
bottom of page