Ansyen jij Jan Sena Fleri, yon ayisyen k ap viv nan dyaspora, di mwen pa ayisyen ankò paske mwen natiralize meriken, epi mwen pa ka nan politik Ayiti-a, ni prezidan pati politik ITIYAyiti.
- Wilsonn Telimo Lwi

- Jul 22
- 2 min read
Lendi 20 jiyè 2026 la, ansyen jij Jan Sena Fleri, yon ayisyen k ap viv nan dyaspora, di mwen pa ayisyen ankò paske mwen natiralize meriken, epi mwen pa ka nan politik Ayiti-a, ni prezidan pati politik ITIYAyiti.
— Jan Sena Fleri: TELIMO, ki nasyonalite w?
— Telimo: Mwen se ayisyen-ameriken.
— Telimo: E ou jij Sena, ki nasyonalite w?
— Jan Sena Fleri: Mwen se ameriken.
Pawòl jij Sena te fè mwen santi mwen fèb anpil antanke yon ayisyen natif natal ki natiralize ameriken a 38an. Mwen te santi m redywi, diminye, majinalize, epi rejte. Pawòl ansyen jij Sena fè mwen dekouraje, epi dekonsantre nan pledwari m ap fè pou Ayiti otonòm KÒTAKÒT sou chemen edikasyon kreyòl ki ka rive posib atravè politik.
Jij Sena di mwen pa ka gen toulede nasyonalite yo nan mèm tan. Li di se swa mwen youn oswa mwen lòt, epi mwen pa p ka prezidan, ni minis, senatè, oswa depite Ayiti sou pretèks respè Konstitisyon.
Pami moun ki te la, te gen madam Ketli Ekselan, Chantal Ogis, Renal Orival, Keplè Norelya, epi enjenyè Andre Angran te moderatè rankont lan sou platfòm Zoum MLHA, elatriye.
*Pou kontinye deba sa:*
1- Ki kesyon w t ap ankouraje mwen poze ansyen jij Jan Sena Fleri?
2- Kisa ou t ap di ansyen jij Jan Sena Fleri, ki di yon ayisyen ki natiralize pa ta ayisyen ankò?
Mwen pataje mesaj sa nan objektif pou kontinye deba sa nan lide pou entegre dyaspora nan politik Ayiti san diskriminasyon, ni estigmatizasyon.
Mwen vle wè dyaspora yo lib nan pran desizyon pou tèt yo, pou peyi yo, san okenn manipilasyon antanke sitwayen, jan deklarasyon inivèsèl bay tout moun menm dwa, egal, ego devan lwa yo, nan atik 1e.







Comments