top of page

Andikap li pa limite l - O-Mark And Barche



O-Mark Fruit De Mer

N ap bay God Glwa


Depi l leve li jwenn li avèk yon andikap

Sa pa anpeche l pran lari pou l al vann yon Ti kat

Li depoze seve patou yo bouke ba l barikad

Pa gen yon moun k ankouraje l epi ba li kad


Paske l andikape an

Yo pa vle li pase an

Li plen kapasite an

Epi li chaje don


Lavi li tèt anba

Li chaje ak Nivo epi yo voye li anba


chak jou l leve, li pran lari a pou li al poste eeeee

Se chak jou l reve, pou l sou on biwo pou li ap Bose eeee

Gade mouche leta

Kisa w ap di nan sa

Pouki n pa ba l le bra, li pa menm gen 2 bra

Tout moun gen 2 l gen youn

Sou li n paka gen dout

L ap travay di chak jou Pou l ka ganye kelke goud


O-Mark


Li f on pi l tan lekòl

Ou di l chachon kote l met kò l

Li pa chwazi lonje bò l

Li pito fè efò l

Moun ki pa kalifye se yo k ap jwenn anplwa

Entèlektyèl ap frite patron yo kanpe an kwa

Andikap li pa limite l vre

L ap travay Di pou l ka viv ere

Li fè kòb yo nan Di se pa 1 2 PapPadap

lajann vin grandi l te komanse nan pap papdap

Kilè n ap sispann inyore andikape yo

Bayo lanmou respè sispann kwape yo


Loy loy loy loy mmmm li batay anpil pou li ka fyè pou li ka fyè (bis)


Yeah!! Souvan n konn pa andikape fizik, men n s on andikape Nan lespri n.

Paske n pa p travay Pou Sa n dwe genyen, men nou ret Fokis Sou moun ki deja genyen.

Reyisit pa Fasil frè pòt li ouvri ap tann ou se ou k Pou travay.


O-MARK
O-MARK




47 views0 comments

Recent Posts

See All
Post: Blog2_Post
bottom of page