DYALÒG | ITIAHaiti ITIYAyiti
top of page
Event Info: Events

Sun, Aug 29

|

ITIAHaiti

DYALÒG

Konferans sou Lidèchip, antreprenarya, sivik epi moral, yon fason pou elaji chan enspirasyon jèn kontanporen yo. Nan ribrik sa, ITIAHaiti dekòtike yon seri peryòd nan literati, pale sou atizay yon seri gran ekriven ak reyalizasyon syantifik, epi trete sijè aktyalite.

Registration is Closed
See other events
DYALÒG
DYALÒG

Time & Location

Aug 29, 2021, 4:00 PM – 6:00 PM EDT

ITIAHaiti

Guests

About the Event

Nan objekti pou motive jèn kontanporen yo resite powèm, gen plis estil nan deklamasyon yo, epi kreye divètisman nan aprantisaj, ITIAHaiti mete kanpe yon kokennchenn aktivite pèfòmans tankou: deklamasyon, slam, chan, lekti, dans, ak prezantasyon nenpòt lòt atizay tankou penti, elatriye.

Menm jan ak Edzè Vilè ki di: “Powèt la se tankou myèl k ap chikannen sik nan flè pou fè siwo li”. Ribrik “parabòl savan” la pou detaye kèk lide kache ki genyen nan yon seri pawòl lòt konesè konn di, yon fason pou enspire jèn yo envante pwòp pwovèb oswa sitasyon pa yo. Nan ribrik sa-a, nou ede ekriven yo fokis sou nanm mesaj yo vle fè pase nan yon piblikasyon, nan fè yo triye fraz kle-a, mesaj kache-a, yon pawòl nou pat janm tande anvan, kote ke se li menm sèlman ki ta di li. Nou konn bay kèt kont epi poze kesyon sou kèk lòt zèv tou, yon fason pou pouse kontanporen yo fè plis rechèch.

Patisipan yo ka pote pwovèb, panse, parabòl, oswa sitasyon pa yo pou fè deba. Toujou nan objektif pou reviv kilti ayisyen-an, yo ka prezante yon seri ti patwa, espò, ak jwèt ayisyen te konn fè nan tan lontan, epi ki gen moralite anndan yo.

Ou se yon jèn ekriven? Ou swete lanse w nan domèn literè? Ou ta renmen amelyore estil ak jan w ekri? Sezi okazyon sa !

Lekòl Literè ITIAHaiti pote pou nou yon atelye ekriti ki makònen tout jan jan literè. Aktivite sa yo ap fèt chak 3èm  dimanch nan mwa yo. Donk, vin pase ti tan ak nou nan rankont sa. Nan atelye sa, n ap ankouraje patisipan yo ekri powèm, oswa nenpòt lòt atizay literè. Nou fè li pandan n ap bay kèk sijè oubyen tit pou yo ka ekri pwòp tèks pa yo. Se yon espas pou kritike tèks tou, jije fon, fòm ak estil yo ansanm.

Se yon ribrik ekriven renmen anpil, sitou sa ki an minyati yo. Li pèmèt yo itilize imaj, metafò, evite fè twòp fot gramè, estil ak fòm nan tèks yo. Nan ribrik jagon literè-a, nou pote yon seri nouvo mo, estil pwezi ak lòt zèv literè; yon fason pou ede yo amelyore atizay pa yo. Se yon ribrik ki prezante diferans yon seri mo genyen selon itilizasyon yo tou. Paske gen mo ki di menm jan, men ki pa gen menm sans; genyen ki ekri menm janm, men ki pa vle di menm bagay.

Ribrik sa ede nou konprann sans mo yo pi byen, paske li pote pawòl nou ka di ak sa nou pa ta dwe diselon kontèks yo.

  • LAKOU ITIAHaiti : ITIAHaiti YEARDSe yon espas konferans sou diferan aspè sosyo-edikasyonèl tankou : Lidèchip, antreprenarya, sivik epi moral, yon fason pou elaji chan enspirasyon jèn kontanporen yo. Nan ribrik sa, ITIAHaiti dekòtike yon seri peryòd nan literati, pale sou atizay yon seri gran ekriven ak reyalizasyon syantifik, epi trete sijè aktyalite.

Wilsonn Telimo Lwi

Prezidan ITIAHaiti

This event has a group. You’re welcome to join the group once you register for the event.

Tickets

  • Lakou ITIAHaiti

    Se yon espas konferans sou diferan aspè sosyo-edikasyonèl tankou : Lidèchip, antreprenarya, sivik epi moral, yon fason pou elaji chan enspirasyon jèn kontanporen yo. Nan ribrik sa, ITIAHaiti dekòtike yon seri peryòd nan literati, pale sou atizay yon seri gran ekriven ak reyalizasyon syantifik, epi trete sijè aktyalite.

    $0.00
    Sale ended

Total

$0.00

Share This Event

bottom of page