HAITIAN CREOLE CLASS | ITIAHaiti ITIYAyiti
top of page
Event Info: Events

Sun, May 16

|

ITIAHaiti

HAITIAN CREOLE CLASS

ITIAHaiti twouve li nesesè pou ta gen yon kou kreyòl andirèk, yon fason pou lang lan ka kontinye taye banda li. Kou kreyòl la pral chita sou aprantisaj alfabè-a, nan fè patisipan yo byen metrize fonèm ak grafèm yo, jouk yo rive ekri, pale, li, epi konprann lang lan san grate tèt.

Registration is Closed
See other events
HAITIAN CREOLE CLASS
HAITIAN CREOLE CLASS

Time & Location

May 16, 2021, 10:00 AM – 12:00 PM EDT

ITIAHaiti

About the Event

Aprè anpil deba ki t ap fèt pandan peryòd “Mwa Kreyòl 2020-an”, an oktòb, pou rive jouk jounen jodi-a, ITIAHaiti twouve li nesesè pou ta gen yon kou kreyòl andirèk, yon fason pou lang lan ka kontinye taye banda li. Lide pwojè sa mache tèt kole ak objektif òganizasyon-an genyen pou ta ankouraje lang kreyòl la vin “sèl lang edikasyon nan lekòl Ayiti”.

Pou reyalize etap sa, volontè ITIAHaiti yo deside ofri yon kou kreyòl gratis ti cheri pou tout moun ki ta renmen ekri, li ak pale kreyòl tankou rat. Se yon pwojè pilòt, sa vle di: n ap travay sou li nan moman-an, yon fason pou nou ka amelyore li chak lè sa posib, jiskaske “Enstiti Kreyòl” la ta kanpe sou de pye militè li. Moun ki pral anseye klas sa se ekriven ak pwofesè ki manm Lekòl Literè-a. Yo gen kapasite ak bon jan eksperyans k ap ede patisipan yo jwenn satisfaksyon nan nivo yo vize-a. Kou kreyòl la pral chita sou aprantisaj alfabè-a, nan fè patisipan yo byen metrize fonèm ak grafèm yo, jouk yo rive kreye pwòp atizay pa yo nan lang lan san grate tèt.

Metodoloji ansèyman ap chita sou edikasyon nan divètisman; yon taktik ki pral pèmèt patisipan yo aprann sa ki anseyab nan kilti ayisyen-an. N ap ankouraje etidyan yo ekri pwezi ak nenpòt lòt atizay literè tankou: nouvèl, odyans, woman, elatriye. N ap oryante edikasyon n ap bay yo sou touris, koulè lokal, antreprenarya ak sivik epi moral, yon manyè pou anseye filozofi, vizyon, misyon ak objektif ITIAHaiti yo.

KLIKE LA POU W PATISIPE

Schedule


  • 2 hours

    HAITIAN CREOLE CLASSES

    ITIAHaiti

Tickets

  • HAITIAN CREOLE CLA

    ITIAHaiti twouve li nesesè pou ta gen yon kou kreyòl andirèk, yon fason pou lang lan ka kontinye taye banda li. Kou kreyòl la pral chita sou aprantisaj alfabè-a, nan fè patisipan yo byen metrize fonèm ak grafèm yo, jouk yo rive ekri, pale, li, epi konprann lang lan san grate tèt.

    $0.00
    Sale ended

Total

$0.00

Share This Event

bottom of page