EDIKASYON KREYÒL NAN LEKÒL AYITI

 Òganizasyon ITIAHaiti te reyalize uityèm rankont dyalòg li 29 novanm 2020-an sou EDIKASYON KREYÒL NAN LEKÒL AYITI; yon bab pou bab ki pote anpil espwa nan diminisyon to analfabèt, iletris ak echèk eskolè Ayiti. Anpil patisipan te degaje fristrasyon yo nan mansyone poblèm lang lan ap sibi anba kout plim mal taye, epi analize kòman òganizasyon literè-a ta ka rive mete sèvo popilasyon-an sou tab ak lang matènèl la. Pou komanse rankont sa, powèt Wilson Thelimo Louis ak ekriven Betty Fortunat ki te kenbe miko atelye-a pat ezite woule ochan pou akeyi aktivis Myrto Cesaire, lengwis Emmanuel W. Védrine, ak pwofesè Jean Armoce Dugé pou vin layite sijè-a.

 

Mèt seremoni yo te pran yon moman espesyal pou sipòte Madam Shey Jabouin ki ap travay ak timoun k ap viv ak andikap nan Boston, Masachousèt. Lidè kominotè sa rekrite epi fòme paran yo sou defisyans fizik ak sikolojik tchovi yo ap fè fas. Li akonpànye yo nan terapi ak jwenn sipò ki disponib pou yo nan kominote-a. Se te yon fyète pou ekip ITIAHaiti-a dekouvri yon inisyativ ki ale nan menm chan entèvansyon ak objektif òganizasyon-an sou sa ki konsène pwomosyon pou enklizyon ak koyezyon sosyal. Se ankò yon lòt plezi pou nou te dekouvri vennsenk (25) ane rechèch syantifik pwofesè Emmanuel Vedrine deja konsakre nan lang kreyòl la pandan karannkat (44) ane li genyen depi li ap viv kay tonton Sam. Anvan li te bay siyal pou reponn nenpòt kesyon nan faz deba, kreyolis la temwaye jan lonbrik li makònen ak lang natif natal la, epi envite ayisyen alawonnbadè vin dekouvri liv li mete an liy gratis ti cheri antanke ansyen chèchè nan inivèsite Enndyàna, Etazini.

 

Madam Myrto Césaire, dezèm manm panèl la, pat rete nan koki li pou te vann travay kominotè li ap fè pou ayisyen k ap travay nan jaden, oubyen sa ki ta nan sitiyasyon vilnerab Jòjya, Etazini. Fanm vanyan esperimante-a te devlope parantèz li-a sou “sa li konnen, sa li wè, ak sa li tande sou edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti”. Zouk li te vle relate pwogram minis Bèna te vle inisye an 1982, epi ki ta pral fè swivi yon moman kote pale kreyòl te yon absidite nan sosyete ayisyen-an. Selon koze ki rapòte, pale kreyòl ta vle di: sòt. Kritik la kwè nou ta sipoze rele lang kreyòl la “ayisyen”, menm jan ak lòt peyi ki bay lang yo pote non abitan yo. Li te pran kòm egzanp: Lafanse ki pale fransè, Angletè pou anglè, epi Espay ki bay espanyòl. Kidonk, li mande : eske li t ap yon anòmali si lang kreyòl la ta rele “ayisyen”? Li twouve etranje panse pou ayisyen twòp, epi li mande pou nou pran destine nou an men nan mache kòtakòt. Malgre ajan sante-a ta sanble kite peyi-a depi an mil nèf-san katreven (1980) yo, li pat sispann milite pou kenbe idantite lang lan, epi ankouraje tout konsitwayen ki nan dyaspora esprime yo nan lang manman-an san okenn difikilte. Pou li fini, li te denonse abi pwofesè lekòl te konn fè elèv sibi lè yo pale kreyòl nan klas. Echèk lang lan fè anpil timoun ki echwe lekòl al fè siksè nan lari-a. Pratik vyolans eskolè-a pran lòt yon lòt fòm nan sosyete-a kounye-a. Li ta menm toujou an vigè nan majorite lekòl kongreganis yo.

 

Pou pwofesè Vedrine, demach pwofesè Bernard, ansyen minis edikasyon nasyonal nan ane katreven (80) yo se te yon pilye pou demare lit ki vin debouche sou mouvman sa n ap fè la. Li te pwofite mansyone pouvwa politik edikatif la ki kapab pèmèt nou amelyore travay n ap fè yo, jouk nou jwenn rezilta nesesè. Youn nan ajan mangouyan ki egziste nan manman koze-a se: pale sou koze edikasyon kreyòl nan lekòl, se atake enterè monopòl lekòl kolon kongreganis yo. Youn nan reyalite rat mòde soufle n ap rankontre pami moun ki ap travay pou levasyon lang kreyòl la, nwa sou blan: pwodiksyon yo fè pou pale sou lang kreyòl yo ekri an fransè. Reyalite sa vin fè nou paka konprann pozisyon anpil òganis, enstans ak endividi ki di y ap goumen pou chanje sistèm edikasyon sa. Konsa tou, konferansye-a te pofite felisite Sosyete Koukouy, ki malgre entimidasyon Leta nan epòk sa akòz lang kreyòl la yo t ap defanm, te kontinye òganize epi reyalize aktivite yo an kreyòl, malgre Leta te te mete anpil ladan yo nan prizon poutèt y ap defann sèvo pitit sòyèt.

 

Pwofesè Michel Anne Frederic DeGraff te kore entèvansyon mèt Emmanuel W. Vedrine nan kòmsadwa nan zafè entelektyèl k ap pale sou kreyòl an fransè-a. DeGraff rapòte ke dènye egzanp mi wo mi ba sa soti pami akademisyen nan akademi kreyòl ayisyen-an. Li pale sou Christophe Charles ki pibliye yon atik an franse, kote li mande pou yo chanje òtograf kreyòl la yon fason pou li vin pi sanble ak òtograf fransè-a. Mèt Michel twouve rezonnman Christophe la tèt anba nèt. Nan apwòch Charles, li panse fòk grafi kreyòl la vin pi fasil pou sila yo ki deja pale fransè. Kòlèg Anne panse egzanp sa montre pwoblèm ideyoloji frankofil pami entelektyèl nou yo aklè. Se yon poblèm ki grav anpil, selon mesye Frederic. Li di sa pral mande anpil vijilans, epi li te tou pofite mande manm ITIAHaiti yo vin pote kole sou sit entènèt li.

 

Lengwis DeGraff te kontinye pou li valorize yon lòt pwen enpòtan ki devwale demagoji Leta konsènan "lang ofisyèl" yo. Pou li menm, ata Konstitisyon 1987 la ki bay de lang ofisyèl te rive amande nan lang franse sèlman. Doktè nan koze lang lan fè konnen ministè yo plis kominike an fransè lè yo ap ekri. Li menm lonje dwèt li pou li mansyone Inivèsite Leta Ayiti k ap kominike an fransè nan kad fòmèl, malgre rektè-a se yon akademisyen kreyòl. Ki donk, demagoji-a toupatou. Menm sa ki gen pou wè ak Alfabè Kreyòl la, Ministè Edikasyon Nasyonal ap pwone yon chante kote se lèt alfabè fransè yo ki vin sèvi pou lèt alfabè kreyòl yo. Li mande pou nou kalkile aspè jewopolitik kesyon sa yo tou, paske jounen jodi-a Frankofoni gen yon gwo enfliyans sou politik edikasyon Ayiti.

 

Michel fè konnen ke li se yon akademisyen ki toujou ap kritike demagoji ak koripsyon k ap fèt nan akademi-an. Pou li apiye kómantè sa, li pale sou yon atik li ap ekri pou tigèt akademisyen Christophe Charles k ap fè pwopozisyon tèt anba sou grafi kreyòl la. Pandan li t ap envite itiyayis yo vin gade gwo travay l ap fè sou fesbouk, li te ensiste sou poblèm medyokrite ak koripsyon ki se yon kansè ki gaye toupatou nan Leta. Lidè edikatif la ankouraje yon kanpay konsyantizasyon pou tout sosyete sivil la rive konprann pwoblèm lan, epi enfliyanse Leta fè chanjman ki nesesè. Pou li fini, li ekri: nou bezwen yon mouvman ki gen menm enpak ak mouvman “Kot Kòb Petro Caribe-a” pou EDIKASYON KREYÒL NAN LEKÒL AYITI.

 

Pwofesè Vedrine te voye gwo kout chapo pou mèt Michel Degraff ki kontinye travay, kreye, ekri, epi mete selil sou pye; jan li fè sou zile Lagonav, pou pèmèt timoun yo jwenn dokiman ak oryantasyon pou bon jan edikasyon nan lang kreyòl. Toujou nan kontinyasyon deba, Tisselin Noezil, yon manm ITIAHaiti, ta fè konnen ke anpil elèv ayisyen panse an kreyòl pou yo ka ekri fransè. Jèn edikatè-a wè lang kreyòl la kòm pwen santral sistèm edikatif la, sinon se kràn timoun yo k ap boule. Pou itiyayis Noezil, se yon enperatif pou nou egzije Leta, anpatikilye ministè edikasyon nasyonal, pou mete EDIKASYON KREYÒL NAN LEKÒL AYITI nan tout rakwen.

 

Sou menm tematik sa, entèprèt Jean Hebert Bellefleur ta egzalte lang kreyòl la kòm pi bèl lang li konnen ki egziste. Tradiktè-a pat ka konprann malgre malgre tout kontras, bote kiltirèl, ak sa nou reprezante nan istwa; ayisyen poko janm konprann enpòtans lang sa ki se lang kreyòl la; yon lang etranje ap eksplwate, epi nou menm, nou meprize li. Ansyen pwofesè depi Ayiti-a kwè ke travay ITIAHaiti ap fè kounye-a gen pou li pote fwi, epi li pwomèt anpil moun ki kont mouvman sa gen pou yo vin jwenn li. Se nan KÒTAKÒT, nan kreye feso, nan fè selil, n ap ka ranfòse nou pou reyalize rèv sa. San mete dlo nan bouch li, pwofesè Hebert revele kòman esklizyon lang lan domaje sosyete-a, non sèlman nan edikasyon, men nan tout kouch li nèt. Li envite tout pwofesè parèy li, tout anseyan pou yo enstwi elèv yo byen kòmsadwa nan lang manman ak papa yo. Li afime ke reyisit elèv oubyen etidyan yo se onè pwofesè.

 

Pwofesè didaktik la, Jean Armoce Dugé, te poze pwoblèm lang kreyòl la. Selon envite espesyal la, menm ayisyen pa vle bay yon fòm ak ansèyman lang kreyòl la. Yon lang ki pote non lang vènakilè apre pwofesè Bernard te ba li yon fòm ofisyèl. Li di malgre gen anpil prejije ak bòykotay kont lang kreyòl la, sa pa anpeche li rete vivan. Li re-afime ke demagoji nan sistèm edikatif la kòmanse nan ministè Leta yo ki pa gen okenn dokiman ki prepare an kreyòl. Nan lekòl yo, nenpòt moun ka pwofesè kreyòl, pwofesè yo pa prepare kou yo, epi sa ki pi grav la: yo anseye ak yon aksan fransè. Sa vin lakòz timoun yo antre nan menm demach sa, kote y ap melanje fransè ak kreyòl pou moutre yo konn pale byen. Li kore gwoup “MIT-Ayiti” nan Lagonav ki ap fè yon travay emèjans pou lang kreyòl la nan edikasyon nasyonal. Selon Pradel Pompilus, fason yo anseye nou kreyòl la fè kreyòl la tounen yon lang etranje. Selon etid pwofesè Dugé, si edikasyon fèt nan lang kreyòl, sa ap fasilite elèv yo non sèlman konprann matyè yo pi byen, men konsa tou, y ap ka aprann nenpòt lòt lang pi byen tou, epi pi rapid. Kontrèman si nou kenbe lang kolon-an nan sistèm edikasyon-an. Anseyan-an repanche pou li tingtong Akademi Kreyòl Ayisyen-an ki pa respekte misyon li.

 

Nan faz takotak yo, ekriven Vedrine denonse mouvman anpil nèg ki ta sanble anndan akademi-an pou fè biznis vann liv olye pou yo ta travay pou pote nouvote nan travay akademi-an. Li t ap egzòte yo kreye pi bon metodoloji ki pral pèmèt sosyete-a konprann egzistans akademi-an nan travay y ap fè. Pou pwofesè Amos, kontinite demagoji-a pa kraze misyon akademi-an. Pliske tout fwa responsab yo ta dekouvri pwoblèm yo epi konprann objektif yo, y ap jis bezwen tan pou striktire epi pwojete rezilta konkrè ke tout moun ap tann nan. Amos pwente sou Leta ki pa pozisyone li, ni valorize youn nan lang yo. Leta sèlman kontinye ap fè demagoji an fransè nan tout sa y ap fè. Pou powèt Junior Malbranche, youn nan pyonye ITIAHaiti yo, rann lang kolonyal la prime sou lang nasyonal la se yon esklizyon lengwistik. Li se yon eksklizyon sosyal tou, paske pale de lang se pale de kilti, se pale de sosyete, sitou si youn parèt siperyè pase lòt.

 

Anpil lòt patisipan te reyaji pou eksprime kontantman yo pou travay ITIAHaiti ap reyalize nan peyi-a, epi fason Òganizasyon-an ouvri pòt bay tout moun ki pataje menm filozofi ak li. Evanjelis Jethro Augustin, responsab MIMOFAM ki nan menm inisyativ la, te pwofite prezante kèk liy nan misyon ak aktivite Òganizasyon li-an vle fè. Li te pwofite anonse lansman yon manifestasyon anliy pou Leta ayisyen ta chanje sistèm kwonik sa ki gen nan edikasyon nasyonal la. Louidji Louis-Jacques, yon lòt manm ITIAHaiti te kesyone idantite ak rasin lang kreyòl la, paske li twouve anpil lòt peyi pale kreyòl la nan fason pa yo. Jean Amòs Dugé te reyaji sou divèsite ki genyen nan lang kreyòl la, epi pote limyè sou diferans yo. Li te fè yon ti rale sou dinamis diferan rejyon yo parapò peyi kolonizatè yo, pou reponn Louidji. Pou kore sous repons lan, Emmanuel W. Vedrine fè konnen gen anpil rechèch ki deja fèt sou lang kreyòl la, men rechèch sa yo rete kache paske majorite ayisyen pa entèrese ak travay k ap fèt sou lang.

 

Mezanmi, nou rive dekouvri pa gen ekite ant de lang yo nan peyi-a. Fòk kou kreyòl la ta yon kou ki prime menm jan ak fransè-a pou nou ta pale sou egalite lang ofisyèl yo, oubyen rann lang kreyòl la ofisyèl nan sistèm edikatif la nan kreye materyèl didaktik egal ego. Nou chita nan yon alyenasyon pedagojik, yon alyenasyon lenguistik, yon alyenasyon ki rive anbrase menm pi gwo entèlektyèl yo, kote menm sa n ap defann nan, nou defann li pandan n ap fè pwopagann pou sa n ap goumen kont li-a. Twòp entèlektyèl panse si yo pale kreyòl tout kote yo rive, yo pap pran yo pou moun lespri ankò. Twòp lengwis ak akademisyen ap fè deba pou lang kreyòl la nan lang etranjè. Twòp vire won fèt sou mouvman kreyolizay la pandan nou kontinye ap pwodui plis an fransè, olye nou ekri memwa nou an kreyòl. Nou vle pou tout moun kanpe ansanm, aji ansanm, pwodui ansanm, epi travay kòtakòt pou nou bouske objektif sa. Travay yo anpil, nou pap rive reyalize tout nan senk a dizan. Men ak mouvman n ap fè yo, ak fòmasyon n ap bay yo,  ak selil n ap kreye yo, jenerasyon k ap vini apre nou yo gen pou fè swit travay sa yo jiskaske lang kreyòl la va jwenn plas li jan sa sipoze ye. Lang kreyòl la pa bofis, ni fiyèl nasyon ayisyen-an. Lang kreyòl la se pitit lejitim Ayiti. Plas li se nan salon ak nan chanm. Li pa dwe ap kalbende nan lakou.

 

 

Obdiel Dormélus,

Ekriven, Jounalis,

Responsab Piblikasyon ITIAHaiti

Imèl: dormelus@itiahaiti.org

Wilson Thelimo Louis,

Ko-otè, Editè.

Subscribe Form

Subscribe Form

  • Facebook
  • Twitter
  • YouTube
  • Instagram

©2008-2021 by THELIMO Services