CHANNEL | ITIAHaiti ITIYAyiti
top of page
ITIAHaiti EPI OU MENM - ESTHER LOUIS LALANNE
05:12
ITIAHaiti - ITIYAyiti

ITIAHaiti EPI OU MENM - ESTHER LOUIS LALANNE

Dimanch 9 out 2020-an se te dezyèm rankont ITIAHaiti te òganize pou brase lide anba tèm “ITIAHaiti EPI OU MENM”. Reyinyon sa-a ta pral louvri ak lidè òganizasyon-an ki se Wilson Thelimo Louis. Se te yon rankont kote tout manm ITIAHaiti ta pral pataje emosyon yo, santiman yo, epi di sa yo panse. Anvan Prezidan Wilson te kòmanse rankont lan, li te pran leswen pou li te fè yon gran rale sou filozofi òganizasyon-an, kote li t ap siyale : “...yon gwoup jèn ekriven twouve li se yon devwa pou mete plim yo sou sèvis nasyon-an. Pandan y ap chache yon idantite nasyonal, yo reyini talan yo nan lide pou mete kanpe yon klèb literè ki rele ITIAHaiti...” Li t ap detaye tou, sou jan pyonye ITIAHaiti yo ankouraje orijinalite pou ede kilti yo vanse atravè atizay yo, epi divèti ak fòme nasyon-an. Thelimo te panche sou vizyon òganizasyon-an ki ta dwe “wè jenès la jwenn bon jan ankadreman pou devlope talan yo, epi wè avni nouvèl jenerasyon-an asire”. Inisyativ atistik ak literè sa ta sanble te kòmanse boujonnen nan depatman sid Ayiti, epi layite tribòbabò gras ak rezo sosyal yo, yon fason pou lespri men anpil chay pa lou-a blayi tout bon vre. Madam Betty Fortunat, animatè evennman sa-a, fèt epi grandi an Ayiti, men l ap evolye lakay vwazen-an, nan Atlanta, Georgia. Betty travay labank li se pwofesè, epi li pibliye yon liv ki rele “Before you Flip”, an anglè. Animatè-a te kòmanse deba ak yon sèn imajinasyon, kote li te mande patisipan yo pou konsidere tèt yo nan you fèt ki gen yon tab gani.... kidonk, ak tout bèl manje. Li ta konkli ke: “okenn manje pap antre nan bouch nou, oubyen vin jwenn nou si nou pa sèvi tèt nou poukò nou”. Se te nan lide pou li te fè konprann ke tout jèn talan ki nan òganizasyon-an ka fè lide yo pwogrese lè yo mete men nan pat la. Betty Fortunat te egzòte itiyayis yo pou patisipe antanke moun ki angaje nan pwojè-a, kòmsi se te pwòp travay yo. Tislen Nwezil, yon manm ITIAHaiti depi 2008, ki ap viv Chili, ta pral mete aksan sou konvèjans lide yo. Kote li ta pral di ke ITIAHaiti ap ankadre jèn atizan k ap ekri lontan, san yo pa janm jwenn pèsonn fè ka de yo. Li te gen konfyans ke jèn yo ap ka jere ITIAHaiti si grandèt yo ba yo ti moso fòmasyon, ankadre yo, paske tout moun ki rive jounen jodi-a te jwenn yon èd sou kelkeswa fòm lan. Li te ajoute: “se yon travay tèt kole, ITIAHaiti se pou nou tout”. Se yon rankont ki te gen yon anbyans eksepsyonèl, yon mesaj fratènite te preche atravè salitasyon chak moun : • Emanyèl Vedrin, yon gran ekriven, epi kreyolis, te pataje eksperyans li ak manm yo. • Janel Rodne, yon lòt jèn devwe ta pral pwofite pou ankouraje tout jèn kenbe la. • Lengwis Masèl Jòj pat kache satisfaksyon li pou yon bèl inisyativ konsa. • Mari Èn Dezi, Premyè konseye oganizasyon-an an Ayiti te montre devouman li nan ankouraje jèn yo pou yo montre talan yo nan sosyete-a pandan y’ap chase timidite lakay yo epi pike pou pi devan. • Anjlò Amazan ak Klofi Fanò ki se dezyèm trezorye oganizasyon-an an Ayiti, te pral leve vwa yo pou eksprime kontantman patisipasyon yo nan rankont lan. • Poutan, Madam Nekita Lamour ki se yon esèyis, epi ansyen pwofesè nan lakou Etazini ta pral mande jèn yo pou yo pa dekouraje, paske nan sa ki gen awè ak bagay atistik epi pwezi, pa gen ede pote. • Mari Magarèt Pyè te felisite prezidan Wilson Thelimo Louis kòm sila k ap woule bagèt bon fonksyonnman òganizasyon-an ak tout akwolit li yo. • Emmeline Menard, sekretè òganizasyon-an nan Etazini te salye tout moun kite patisipe nan rankont lan tou. • Epi Stanle Solon, yon jèn fotograf k ap evolye nan Petyonvil, Ayiti, te montre kè kontan l pou yon si bèl aktivite. Se nan mitan tèm sa ki te “ITIAHaiti “EPI OU MENM” ki reve wè Haiti granmoun tèt li, epi wè jèn yo sispann panse se lòtbò dlo sèlman ki ka fè pou yo, men pito: yo ka ankadre tèt yo ak tèt yo. Esther Louis LaLane, Trezorye ITIAHaiti, Etazini.
FEMME - POÈME
02:20
Wilson Thelimo Louis

FEMME - POÈME

Le jour et la nuit se sont donné la main Enfenté dans ma tête un rêve inconnu Puissant et charmant Qui m'ouvre les yeux et amorce mon talent Un ange inoui a touché ma bouche Desormais, je parle, Oui, je parle la langue des polymenies Et j'ai décrit d'un charbon : ma negresse Elle est une déesse Pleine de sagesses Qui avec ses caresses M’offre sa tendresse Elle est aussi alléchante Que les plus belles plantes Elle est très odorante Accessible à mon attente Elle est mon favori bijou Ma sélection pour toujours Et la couronne de rosiers qui m’entoure Elle est mon favorable doudou Qui par son regard de gazelle Elle fait enfin bouillonner ma cervelle Femme, le jour où je t’ai croisée sur ma voix La nature était couronnée de roses De cocos et de parfums grandioses C’était le moment du premier pas Femme, le jour où j’ai vu l’écran de tes yeux Mon regard était si fasciné par tes beautés Me rappelle de notre grand duel amoureux Et me ranime de mon instant amouraché Mon âme sans cesse obsède de cette fête Dont l’espoir décorait par sa couleur verte M’est un souvenir unique des planètes Je hante cet amourtié padour L’amour est un atout fou pour les amours Qui amourachent le goût d’amour de l’amour Femme, viens, viens... Viens demeurer dans mon appartement Car mon cœur de désire sincèrement Pas pour un laps de temps Mais pour te guider constamment En toi, femme, en toi, en toi Je veux m'enrichir mentalement En toi, en toi je veux trouver du soulagement Toi seule qui sonnes la cloche de mon cœur Sans toi, sans toi... Je serai une une nuit sans étoiles Une fête de Noël sans fanal Une période estivale sans festival Je t'en supplie, femme, Femme, donne-moi ta main Je veux que tu sois le pain dans mon vin Et le lendemain de ma Saint Valentin. Poète Wilson Thelimo Louis
bottom of page