youth social services organization | ITIAHaiti
top of page
JAN KONFERANS YO RIVE LANSE

HOW HAVE THE CONFERENCES BEEN LAUNCHED?

Manm òganizasyon ITIAHaiti yo te fè yon premye rankont sou Zoum, dimanch ki te de (2) out 2020-an. Nan rankont sa-a, patisipan yo te fè konesans epi aprann yon ti bout nan istwa kreyasyon òganizasyon-an ; kote Wilson Thelimo Louis t ap fè konnen ke ITIAHaiti se yon òganizasyon ki la pou ede jèn yo materyalize konesans yo, fè moun reviv kilti ayisyen-an, ede jèn yo ranfòse lidèchip yo, epi ankouraje yo sou chemen antreprenarya ak atizay.

Prezidan òganizasyon-an te pale sou kreyasyon ITIAHaiti ki kòmanse an 2008 ak yon gwoup jèn ekriven epi atis ki t ap viv nan sid Ayiti nan objektif pou reyalize anpil aktivite sosyal ak kiltirèl. Yo te kwè ansanm, y ava rive pi rapid epi abouti ak objektif yo te gen an komen. Malgre vizyon yo te genyen, li te difisil pou yo te jwenn ankadreman nan men moun ki gen lajan ak sa ki gen pouvwa. Men yo pa t dekouraje. Okontrè, yo te rasanble tout sa yo te genyen pou envesti nan potansyèl yo genyen.

Fè pwomosyon lang kreyòl la, bay lòt asosyasyon k ap travay pou devlopman Ayiti jarèt; se kèk nan objektif ITIAHaiti. Se sa k pouse jounen Jodi-a, ITIAHaiti tounen yon lide nasyonal epi etènasyonal pou atenn plis jèn. Se nan rankont Zoum sa ke manm ITIAHaiti yo te twouve li nesesè pou yo ta kontinye rankontre chak dimanch nan mwa yo.

Jesika Li Nazè,

Ekriven, Itityayis,

jessica@itiahaiti.orG

Members of the ITIAHaiti held a first meeting on Zoom on Sunday, August 2, 2020. In this meeting, participants got to know each other and learn a little bit about the history of the organization's creation. Wilson Thelimo Louis said that ITIAHaiti is an organization created to help young people materialize their knowledge, revive the Haitian culture, support the youth to strengthen their leadership, and encourage them on the path of entrepreneurship and arts.

 

The organization president spoke about the creation of ITIAHaiti, which began in 2008 with young writers and artists living in southern Haiti to achieve many social and cultural activities. They believed that together they would be quicker and more successful with their goals. Despite their vision, it wasn't easy to get guidance from business people and community leaders. But they were not discouraged. Instead, they gathered everything they had to invest in their potential.

 

Promoting the Creole language and supporting other associations working for Haiti's development is part of ITIAHaiti's objectives. That is why ITIAHaiti has become a national and international idea to reach more young people today. At this Zoom meeting, ITIAHaiti members found it necessary to continue to meet every last Sunday of the month.

 

Emmeline A. Menard,

The United States ITIAHaiti Secretary

emmeline@itiahaiti.org

bottom of page